TEYOLOJI SISTEMATIK — KONNEN BONDYE ATRAVÈ PAWÒL LI
Teoloji Sistematik se etid òganize sou gwo verite Bib la ki ede nou konprann kiyès Bondye ye, nati Li, volonte Li, plan Li pou limanite, ak relasyon Li avèk lèzòm.
Atravè dis gwo doktrin yo, nou dekouvri otorite Pawòl Bondye a, divinite Jezi Kris, travay Sentespri a, orijin lèzòm, reyalite peche, gras Bondye nan sali, misyon Legliz la, mond espirityèl la ak pwomès lavi etènèl.
Etid Teoloji Sistematik pa sèlman fèt pou ogmante konesans nou, men tou pou ranfòse lafwa nou, transfòme lavi nou, epi ede nou viv nan obeyisans ak sentete devan Bondye.
Plis nou konnen Pawòl Bondye a, se plis nou konprann lanmou Li, grandi nan lafwa epi prepare nou pou akonpli volonte Li.
Fondasyon biblik: 2 Timote 3:16–17; Jan 17:3; Women 12:2; 2 Pyè 3:18.
Otè / Anseyan: Pastè Jorel Moise
Anseye Verite Biblik • Ranfòse Lafwa • Transfòme Lavi • Viv pou Glwa Bondye