KRISTOLOJI — DEKOUVRI LANMOU, PISANS AK GLWA JEZI KRIS
Kristoloji (Doktrin Jezi Kris) se etid biblik ki ede nou konprann kiyès Jezi Kris ye, divinite Li, limanite Li, nesans Li, lavi Li, ministè Li, lanmò Li, rezirèksyon Li ak wòl Li kòm Sovè limanite.
Atravè doktrin sa a, nou dekouvri Jezi Kris se Pitit Bondye a, Pawòl ki te vin tounen moun, Sovè mond lan ak sèl Medyatè ant Bondye ak lèzòm. Li se Bondye toutbon e Li se moun toutbon. Li te vini sou tè a pou revele lanmou Papa a epi akonpli plan sali Bondye.
Jezi Kris te viv san peche, Li te mouri sou kwa a pou redanmsyon nou, epi Li te leve soti vivan sou twazyèm jou a. Viktwa Li sou lanmò bay tout moun ki mete lafwa yo nan Li esperans lavi etènèl.
Plis nou konnen Jezi Kris, se plis lafwa nou grandi, nou konprann grandè sakrifis Li epi nou aprann viv selon ansèyman Li, nan lanmou, obeyisans ak sentete.
Fondasyon biblik: Jan 1:1–14; Jan 3:16; Jan 14:6; Filipyen 2:5–11; Kolosyen 1:15–20; 1 Korentyen 15:3–4.
Otè / Anseyan: Pastè Jorel Moise
Konnen Jezi Kris • Kwè nan Sakrifis Li • Swiv Egzanp Li • Viv pou Glwa Li