EKLEZYOLOJI — DEKOUVRI MISYON, INITE AK OBJEKTIF LEGLIZ KRIS LA
Eklezyoloji (Doktrin Legliz la) se etid biblik ki ede nou konprann orijin Legliz la, nati li, òganizasyon li, lidèchip li, misyon li ak responsabilite li nan plan Bondye pou limanite.
Atravè doktrin sa a, nou dekouvri Legliz la se kò espirityèl Jezi Kris, ki fòme ak tout moun ki mete lafwa yo nan Li. Legliz la pa sèlman yon bilding, men se yon kominote kwayan Bondye rele pou adore Li, anonse Levanjil la, anseye Pawòl Li epi sèvi youn lòt nan lanmou.
Jezi Kris se tèt Legliz la. Li bay Legliz la responsablite pou fè disip, batize, ankouraje inite, pratike kominyon fratènèl epi ede kwayan yo grandi nan lafwa ak sentete.
Plis nou konprann misyon Legliz la, se plis nou rekonèt enpòtans inite, sèvis, lanmou ak fidelite nan travay Bondye.
Fondasyon biblik: Matye 16:18; Matye 28:19–20; Travay 2:42–47; 1 Korentyen 12:27; Efezyen 4:11–16.
Otè / Anseyan: Pastè Jorel Moise
Ini nan Jezi Kris • Grandi nan Lafwa • Anonse Levanjil la • Sèvi Bondye avèk Lanmou