AMATYOLOJI — KONPRANN ORIJIN, NATI AK KONSEKANS PECHE
Amatyoloji (Doktrin Peche) se etid biblik ki ede nou konprann orijin peche, nati li, konsekans li ak fason li afekte relasyon lèzòm avèk Bondye.
Atravè doktrin sa a, nou dekouvri kijan peche te antre nan mond lan atravè dezobeyisans lèzòm, kijan li afekte kè moun, epi kijan li lakòz separasyon espirityèl ant lèzòm ak Bondye.
Malgre peche pote kondanasyon ak lanmò, Bondye manifeste lanmou, mizèrikòd ak gras Li lè Li ofri padon ak delivrans atravè sakrifis Jezi Kris sou kwa a.Plis nou konprann gravite peche, se plis nou rekonèt nesesite pou nou repanti, resevwa padon Bondye epi viv yon lavi ki reflete sentete Li.
Fondasyon biblik: Jenèz 3:1–19; Women 3:23; Women 6:23; Ezayi 59:2; 1 Jan 1:9.
Otè / Anseyan: Pastè Jorel Moise
Rekonèt Peche • Repanti devan Bondye • Resevwa Padon Li • Mache nan Sentete