KRISTOLOJI — DEKOUVRI LANMOU, PISANS AK GLWA JEZI KRIS
Kristoloji (Doktrin Jezi Kris) se etid biblik ki ede nou konprann kiyès Jezi Kris ye, divinite Li, limanite Li, nesans Li, lavi Li, ministè Li, lanmò Li, rezirèksyon Li ak wòl Li kòm Sovè limanite.
Atravè doktrin sa a, nou dekouvri Jezi Kris se Pitit Bondye a, Pawòl ki te vin tounen moun, Sovè mond lan ak sèl Medyatè ant Bondye ak lèzòm. Li se Bondye toutbon e Li se moun toutbon. Li te vini sou tè a pou revele lanmou Papa a, anonse Wayòm Bondye a epi delivre limanite anba pouvwa peche.
Jezi Kris te viv yon lavi san peche, Li te bay lavi Li sou kwa a pou delivrans nou, epi Li te leve soti vivan nan lanmò sou twazyèm jou a. Rezirèksyon Li se prèv viktwa Li sou peche ak lanmò, epi li bay tout moun ki kwè nan Li espwa lavi etènèl.
Etid Kristoloji a pa sèlman ede nou konnen istwa Jezi Kris, men li ankouraje nou devlope yon relasyon pèsonèl avèk Li, suiv egzanp Li, obeyi ansèyman Li epi viv nan lafwa, lanmou ak sentete.
Plis nou konnen Jezi Kris, se plis nou konprann lanmou Bondye, grandè sakrifis Li ak pouvwa delivrans Li. Paske se nan Jezi Kris nou jwenn padon, rekonsilyasyon avèk Bondye ak espwa lavi etènèl.
Fondasyon biblik: Jan 1:1–14; Jan 3:16; Jan 14:6; Filipyen 2:5–11; Kolosyen 1:15–20; 1 Timote 2:5; 1 Korentyen 15:3–4; Travay 4:12.
Otè / Anseyan: Pastè Jorel Moise
Konnen Jezi Kris • Kwè nan Sakrifis Li • Viv nan Lanmou Li • Swiv Egzanp Li • Resevwa Lavi Etènèl