ESKATOLOJI — DEKOUVRI PLAN ETÈNÈL BONDYE AK ESPERANS RETOU JEZI KRIS
Eskatoloji (Doktrin Dènye Bagay yo) se etid biblik ki ede nou konprann plan Bondye pou fen istwa limanite, retou Jezi Kris, rezirèksyon mò yo, jijman final la ak desten etènèl lèzòm.
Atravè doktrin sa a, nou dekouvri pwomès Bondye konsènan retou gloriye Jezi Kris, akonplisman pwofesi biblik yo, rezirèksyon, jijman Bondye, nouvo syèl la, nouvo tè a ak lavi etènèl.
Eskatoloji raple nou istwa limanite pa san direksyon, paske Bondye gen yon plan etènèl ki pral akonpli selon volonte Li. Esperans retou Jezi Kris ankouraje kwayan yo rete fidèl, viv nan sentete epi prepare yo espirityèlman.
Plis nou konprann pwomès Bondye pou lavni, se plis lafwa nou vin solid, esperans nou grandi, epi nou aprann viv chak jou nan obeyisans, vijilans ak konfyans nan Jezi Kris.
Fondasyon biblik: Jan 14:1–3; Matye 24:30–31; 1 Tesalonisyen 4:16–17; 1 Korentyen 15:51–52; Revelasyon 20:11–15; Revelasyon 21:1–4.Otè / Anseyan: Pastè Jorel Moise
Viv nan Esperans • Tann Retou Jezi Kris • Rete Fidèl nan Lafwa • Prepare pou Letènite