ANJELOLOJI — DEKOUVRI MOND ESPIRITYÈL LA AK OTORITE BONDYE SOU TOUT KREYASYON AN
Anjeloloji (Doktrin sou Zanj, Satan ak Demon) se etid biblik ki ede nou konprann orijin, nati, wòl ak misyon zanj yo, ansanm ak sa Bib la anseye sou Satan, demon yo ak konba espirityèl.
Atravè doktrin sa a, nou dekouvri zanj yo se kreyati espirityèl Bondye kreye pou sèvi Li, adore Li, egzekite volonte Li epi akonpli misyon Li konfye yo.
Bib la revele tou egzistans Satan ak demon yo, ki opoze ak travay Bondye, chèche twonpe lèzòm epi detounen yo sou chemen laverite.
Malgre egzistans fòs espirityèl mechan yo, Bondye rete sèl Mèt ki gen otorite sou tout kreyasyon an. Jezi Kris gen viktwa sou pouvwa fènwa yo.
Plis nou konprann reyalite mond espirityèl la, se plis nou aprann rete vijilan, kenbe fèm nan lafwa, mete konfyans nou nan Bondye epi reziste devan tantasyon avèk èd Jezi Kris.
Fondasyon biblik: Ebre 1:14; Sòm 91:11; Efezyen 6:11–12; Jak 4:7; Kolosyen 2:15; Revelasyon 12:7–9.
Otè / Anseyan: Pastè Jorel Moise
Konnen Verite Espirityèl la • Rete Fèm nan Lafwa • Reziste devan Mal • Mete Konfyans nan Pisans Bondye